It is during our darkest moments that we must focus to see the light

Mwen se echantiyon yon ras kap boujonnen men ki poko donnen

Si vous voulez vous faire des ennemis essayer de changer les choses

Tuesday, March 10, 2015

Verite sou sa k ap pase ak 40 milya min lò ke peyi dayiti genyen anba tè pa Stanley Lucas


Nou gen anpil etranje ki kaleje yo sou min lò 24 karat ke nou genyen anba tè peyi dayiti. Genyen tou yon ti gwoup volè an ayiti ki vle ede etranje vòlò sa yo pou yo kapab jwenn moso pa yo. Min lò ki pi enpotan, ke atoufè yo vle piye soti nan Mole Saint Nicolas, Nodwès, li rive Nan Nodès peyi dayiti e li rete nan yon zone Sendomeng ki rele Pueblo Viejo. Tou dabo men kopi pwojè lwa ki te prepare pou pèmèt eksplwate nan lòd mine lò sa yo ke peyi dayiti genyen. Paleman an pa t  gen tan vote lwa sa avan ke manda li fini.

Fòk mwen di nou tou ke lwa sa a ke bank mondyal ede peyi dayiti prepare a genyen gwo pwoblèm ladanl, paske ekspè yo wè ke li t ap pèmèt ke etranje yo volè tou nan lò a, san ke ayisyen pa benefisye.  Peyi dayiti gen plizyè kote ki genyen lò ladan l. Lò 24 karat ki nan zònn Nòdès la genyen pou pi piti 26 milyon ons lò. Yo evalye lò sa a plis pase 40 milya dola ameriken. Genyen anpil dil malatchong k ap fèt sou lò sa a, san ke pèp ayisyen an ak diaspora pa okouran. Bagay yo se anba tab ke y ap fèt.

Genyen yon jounalis ameriken ki ranpote plizyè pri nan Nouyoktimes pou liv ke li ekri ki lage premye kakachat la deyò. Jounalis sa a ekri yon liv kap soti 5 Me 2015 kote li mennen yon ankèt apwofondi sou rakèt ki komanse fèt nan zafè pèp ayiysyen an. Nan nòt pou laprès ki soti pou anonse liv la, konpayi ki pibliye liv la di ke moun ki jwenn avantaj pou al eksplwate lò sa a rele Tony Rodham. Misye sa a se frè Madan Hillary Rodham Clinton, ansyenn sekretè deta etatzini ke li ye. Konpayi etranje sa a ki resevwa kontra sa a ke pèp ayisyen pat men’m okouran rele VCS mining. Alatèt konpayi sa ou jwenn Angelo Viard, ansyen premye minis Jean Max Bellerive ak Tony Rodham ki se frè Madan Clinton. Gen plizyè bagay ki fè ke ayisyen an Ayiti e nan diaspora komanse rele anmwe e  y ap fin anraje:
1. Kòman fè ke Jean Max Bellerive bay kontra sa yo, epi pèson an ayiti e nan diaspora a pa okouran desa?
2. Kijan fè ke li gentan kouri pozisyone li kòm youn nan gwo zotobre alatèt konpayi etranje sa a k apral pran twaka lajan lò sa a pral bay?
3. Kòman fè ke kontra sa a pral pèmèt konpayi a kenbe 97 pousan de tout bagay e peyi dayiti se 3 pousan sèlman ke nap jwenn?

Gen plizyè lòt kesyon k ap poze. Anatandan lòt enfomasyon ki soti e ki bay anpil sezisman sèke leta ayisyen gentan bay 9 pèmi pou eksplwate lò ke nou genyen. Chak pèmi sa yo bay konpayi a 5000 a 10.000 ekta tè pou fè eksplwatasyon lò pèp ayisien an. Dapre pawol ki pale, genyen yon konpayi kanadyen ki rele St Geneviève kap fè gwo lobby bo kote zotobre isit Ozetazini kap travay sou dosye ayisyen an e an ayiti pou jwenn moso pa l nan gato sa a k ap separe sou do pèp la. Men nan ki zònn ke yo konfime ke yo bay kontra:
1.     Mont Organise
2.     Morne Bossa (2 kontra)
3.     Les Irois
4.     Petit Goave
5.     Ouanaminthe
6.     Terrier Rouge
7.     Capotilles

Konpayi ki pral rich sou do pèp la nan zafè sa a rele VCS mining ki se pwoprietè yon lòt konpayi ke yo rele New Mount. Men se pa moun sa yo sèlman ki dèyè lò pèp ayisyen an. Nasyonzini dèyè lò sa a tou. Dapre sak di youn nan enstitisyon nasyonzini ki rele PNUD fouye twou pou chache lò 53 kote nan tout peyi a. Yo pran yon pati nan tè chak kote sa yo pou ale ekzamine kalite lò ki genyen chak kote sa yo. Men kote ke mesyedam sa yo panse ke gen lò andedan peyi nou:
1.     Morne Pelé
2.     Morne Lambert
3.     Morne Chanson
4.     Morne Madelene
5.     Morne Bidoire
6.     Morne Mazeres
7.     Morne Bassin Mambo
8.     Morne Petite Riviere
9.     Morne Chwaze
10. Morne Quintilien
11. Morne Bossa 1 (habitation cadouche)
12. Morne Kanpeche
13. Morne Mantek
14. Morne Bossa 2
15. Morne Punaise

Anmèmtan gen pawol k ap pale nan lari a, ki di ke genyen yon lòt konpayi ke yon seri de zanmi Prezidan Preval melanje ak mesye INITE e mesye Gwoup de Boudon yo monte pou jwenn moso pa yo nan gato sa k ap separe sou do pèp la. Konpayi sa a rele Sosyete Minyè Nòdès (SONIM). N apral verifye pou plis detay e presizyon.

Nan yon sosyete ki genyen 5.5 milyon moun nan mizè, 134 komin san eletrisite ak enfrastrikti ki kraze, 56 pousan moun ki anafabèt, chomaj la a 60 pousan nan mitan jènn yo, mezanmi an tout konsyans nou pa kapab chita ap rete gade yon ti gwoup moun ki vinn pou volè lò ke nou genyen e separe gato antre yo pandan ke rès peyi a pa benefisye de anyen e rete nan grangou. Fòk pèp la jwenn. Sa nou panse ki enpotan jodi a sèke li nòmal ke moun kap envesti fè yon grap lajan pandan ke peyi a ap fè kòb tou pou rezoud pwoblèm ke pèp la genyen. Men kesyon ke nèg vinn pran 97 pousan de lò ki genyen e remèt nou 3 pousan, sa pa akseptab ditou. E se sa ke pèmi ki bay yo di.

Moun kap eksplwate yo ap kenbe 97 pousan e Ayiti 3 pousan. Vòlè ki bannou kou sa a gen tan mete tèt li kòm chèf nan konpayi etranje ki prale vole lo a. Jodi a fòk tout moun konn laverite sou dosye lò ke nou genyen, di nou ki sa ki siyen, kimoun ki benefisye e ki kaye ki merite pou korije. Responsabilite moun ki konn li ak ekri se defann pòv yo, defann enterè peyi a. Sa k ap fèt la pa bon. Yo mèt fizye mwen demen maten, m ap repete l. Sa k ap fèt la pa bon pou peyi a e pou pèp la k ap soufri nan mizè. Gen kaye ki merite pou korije. Fòk chak patriyòt mobilize e angaje pou peyi sa a sispann pran kou.