It is during our darkest moments that we must focus to see the light

Mwen se echantiyon yon ras kap boujonnen men ki poko donnen

Si vous voulez vous faire des ennemis essayer de changer les choses

Friday, November 8, 2013

Lèt Premye Minis Sen Vensan Grenadin Voye Bay Prezidan Dominikani - Letter of the Prime Minister of Saint Vincent and the Grenadines to the President of the Dominican Republic


11 oktòb, 2013

Onarab Ekselans Mesye Danilo Medina

Prezidan

Biwo Prezidan

Repiblik Dominikani

Gouvènman an ansanm ak pèp Sen Vensan Grenadin an detrès akòz desizyon Tribinal Konstitisyonèl Repiblik Dominikani sot fè pou l retire nasyonalite eritye Ayiti lan Dominikani. Vrèman vre, lwa a denasyonalize yon gran valè moun ki desandan Ayisyen.

Avrèdi, pami moun sivilize, desizyon Tribinal la pa aseptab. Se yon souflèt pou tout regleman entènasyonal, tout prensip dwa moun, yon souflèt ki pou ta fè dènye peyi lan zòn nan,  dènye lòt peyi sou latè egzante Dominikani kòm yon kote deraye. Lwa a depaman ak angajman peyi w pran lan plizyè konvansyon entènasyonal dwa moun, san konte obligasyon peyi w devan lòt konvansyon ak trete zòn nou an.

Fòk kanmèm ou okouran, se toupatou sou latè moun wè desizyon Tribinal la kòm yon lwa anti-Ayisyen ki soti lan yon optik rasis, sitou paske prèske tout moun ki pèdi nasyonalite yo, se moun nwa. La a menm, se devwa gouvènman Dominikani an  ansanm ak pèp Dominiken an pou nou demake lwa a, e pou nou chèche yon solisyon pratik, vit e prese, pou korije defo lwa a dekwa pou peyi a ka an lòd ak obligasyon l devan regleman entènasyonal yo.

Ekselans, ou konn twoublay lan relasyon Dominikani ak Ayiti pi byen pase m. Sa pa nesesè pou n tounen sou teren sa a ki deja pran plizyè kout sapat deja. Fòk kanmèm sa fè w mal kòm yon moun ki gen gran prensip, gran ideyal, pou wè leta legalman anpeche eritye Ayisyen ki fèt lan Repiblik Dominikani gen nasyonalite otomatik kòm dwa nesans yo.

Pi gwo pòs lan yon peyi se sitwayente. Se yon bijou anndan n ki sous lakòl ki soude chak moun lan yon nasyon ki benyen lan tè ak lan lanmè peyi kote moun nan fèt. Bon sans ak konsyans egzije w, kòm yon frè mwen respekte, pou aji vit pou defèt kokennchenn malè ki sot fèt sou konpatriyòt ou yo ki eritye Ayiti. M espere ou pap fè mwens pase sa! M ann espwa ou pap desevwa.

Gouvènman w lan, ak gouvènman Dominiken ki te la anvan w lan, merite konpliman pou bèl pwogrè nou fè pou n te leve eskanp figi peyi a  lan zòn nan ak lan kominote entènasyonal la dekwa pou n te efase memwa moun sou ansyen move zak gouvènman Dominikani an. Peyi w la manm lan CARIFORUM e li dèyè manm lan CARICOM, yon òganizasyon kote Ayiti deja manm. San mank, move konsekans sa ap genyen lan zòn nan ak lan lòt relasyon milti-nasyonal, se bagay klè.

An piblik, Sekretè Jeneral KARIKOM nan deja denonse ak sajès desizyon Tribinal Konstitisyonèl la.  Anpil lòt sitwayen onorab lan peyi ki manm CARICOM deja fè sa tou, e pami yo, gen Gran Onorab  P. J. Patèsonn, ansyen Premye Minis Jamayik, ki bon zanmi Ayiti, bon zanmi Dominikani.

Gen moun lan peyi w ki ka konprann tout sa se lenkonduit pou moun foure bouch lan zafè prive Repiblik Dominikani. Manti, se pa vre ditou! Sovrennte pa ka sèvi kòm fèy pou kouvri malpwòpte lè se pyafe n ap pyafe sou prensip nasyonalite, sou dwa moun, prensip ki etabli depi digdantan. Prensip sa yo pa gen fontyè. Yo inivèsèl. Met sou sa, peyi w la gen obligasyon entènasyonal.

Mwen regrèt sikonstans fè m sevè lan jan m ekri w sou sijè a. Men kwè m, mwen sètoblije metrize m, pou degoutans pa fè m di tout sa m ta vle di.

Mwen swete tout bagay pase an byen pou wou, pou fanmi w, pou gouvènman w, pou pèp ou. Mwen kontinye renmen w, e mwen kontinye renmen pèp Dominiken an.


Ak tout senserite,

Onorab Doktè Ralf E. Gonzalvès

Premye Minis


No comments: